GYC Community (Creole)

GYC COMMUNITY: RASANBLE PITIT YHWH YO
Byenveni nan kominote nou an! GYC pa sèlman yon legliz oswa yon kan; se yon kominote k ap òganize nasyon an epi k ap rasanble moun yo rele Afriken-Ameriken yo, desandan natif natal yo, ak tout moun ki gen semans Abraram nan yo, ki gaye toupatou sou tè a. Pa bliye abòne nan kwen anlè adwat ekran an pou w ka suiv ansèyman nou yo, ki diferan ak sa ou te tande anvan. Pou kesyon, kontakte nou: gyccreolecommunity@gmail.com
Kwayans Nou:

1. Bondye ki anwo nan syèl la se yon sèl Pouvwa.
2. Bib la se yon liv istorik ak pwofetik pou Izrayèl.
3. Nou dwe respekte tout lwa yo, oswa fè tout efò nou pou nou respekte yo.
4. Mesi ki gen po nwa a, ki fèt nan Jozèf ak Mari, se Mesi yo t ap tann lan, Bondye voye pou delivre pèp pa Li.
5. Nou rejte imaj nonm blan yo bay kòm Jezi Kris la.
6. Desandan Afriken nan Amerik yo ak pèp natif natal yo se vrè Pèp Bondye chwazi a.
7. Soti nan Jenèz rive nan Revelasyon, Bib la pwoklame verite a.
8. Fè charite se yon obligasyon.